Twa nan pi gwo konfederasyon foutbòl sou planèt la AFC (Azi), CONCACAF (Amerik Dinò, Amerik Santral ak Karayib) ak UEFA (Ewòp) pibliye yon lèt kote yo kritike fason prezidan FIFA a, Gianni Infantino, ap dirije òganizasyon an. Demach sa a make yon moman enpòtan nan politik foutbòl mondyal la, paske twa estrikti ki gen gwo enfliyans ekonomik ak espòtif yo pran yon pozisyon komen kont lidè FIFA a.
Nan sant polemik la gen yon pwojè FIFA te vle lanse anba non FIFA Football Enterprise (FFE). Inisyativ la te prevwa vann yon pati nan enterè komèsyal Koup Dimond lan bay envestisè prive. Daprè konfederasyon yo, pwopozisyon an te prezante nan yon delè twò kout epi san konsiltasyon ase ak Asosyasyon Manm yo.
Fas ak opozisyon an, FIFA te finalman retire pwojè a epi li te esplike manm li yo sitiyasyon an te sòti nan yon “erè kominikasyon”. Men AFC, CONCACAF ak UEFA pa dakò ak eksplikasyon sa. Nan lèt la, yo estime kesyon an depase yon senp pwoblèm kominikasyon, li soulve kesyon sou fason desizyon yo pran nan tèt enstitisyon an.
Dokiman an pote siyati prezidan UEFA a, Aleksander Čeferin, prezidan AFC a, Cheikh Salman Bin Ibrahim Al-Khalifa, ansanm ak prezidan CONCACAF la, Victor Montagliani. Twa lidè yo ensiste sou lefèt foutbòl la pa dwe sèvi enterè yon moun oswa yon gwoup limite, men li dwe rete yon byen kolektif pou jwè yo, fanatik yo, klèb yo ak asosiyasyon nasyonal yo.
Konfederasyon yo raple tou pwogrè foutbòl mondyal la pandan dènye dizan yo se rezilta yon efò kolektif FIFA, konfederasyon yo ak asosyasyon manm yo, epi non pa aksyon yon sèl dirijan. Yo fè konnen kesyon an pa gen rapò ak finansman oswa distribisyon resous FIFA yo, men pito ak prensip gouvènans ak transparans.
Youn nan pasaj ki pi fò nan lèt la deklare ñ “lidèchip nan foutbòl se pa yon posesyon”, men yon sèvis ki dwe rann kominote foutbòl la. Otè yo akize Gianni Infantino dèske li aji tankou yon moun ki konsidere jwèt la kòm yon espas ki dwe sèvi enterè pèsonèl li, olye pou li jwe wòl gadyen enterè kolektif yo. Yo mansyone tou yon reyinyon ki te fèt an prive nan peyi Mawòk kote plizyè manm eli Konsèy FIFA a pa t envite.
Pou fè limyè sou dosye a, AFC, CONCACAF ak UEFA mande yon ankèt endepandan ki ta dwe fèt pa yon twazyèm pati san okenn patisipasyon anplwaye FIFA yo. Yo mande tou pou tout dokiman ak achiv ki gen rapò ak pwojè FFE a konsève pou fasilite ankèt la.
Kriz la deja kòmanse gen konsekans politik. Federasyon Nòvèj la mande demisyon Gianni Infantino, pandan Federasyon Angletè a retire sipò li pou re eleksyon li ki pwograme pou mas 2027. Nan menm sans lan, UEFA deja fè konnen li pa eskli posiblite pou pran mezi pi sevè kont FIFA si tansyon an kontinye ogmante.
Pozisyon prezidan FIFA a parèt pi frajil pase anvan, sitou lè opozisyon an sòti nan twa konfederasyon ki gen yon gwo pwa nan foutbòl mondyal la. AFC reprezante pi gwo pati popilasyon mondyal la, CONCACAF la se yon aktè kle nan Koup Dimond 2026 la ki t ap dewoule Ozetazini, Kanada ak Meksik, pou UEFA menm li kontwole pi gwo chanpyona ak pi gwo seleksyon nasyonal sou planèt la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou