FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Lòt

Lòt

FIFA te lage Mond Foutbòl la nan yon gwo mache prese semèn pase a. Kisa k tonbe?

imaj atik la Kredi Foto: @Getty Images

3 dawout 2026   Schmidt Jean   1325

Mond foutbòl la te viv youn nan pi gwo kriz nan listwa l semèn pase a aprè FIFA te prezante yon plan pou kreye yon nouvo antite komèsyal ki rele FIFA Forward Enterprise (FFE). Objektif plan sa se te mete dwa komèsyal Koup Dimond lan ak lòt konpetisyon FIFA yo anba nouvo estrikti sa a, epi vann jiska 20% ladan l bay envestisè prive pou ranmase anviwon 4.2 milya dola ameriken, sou yon valè total ki estime anviwon 20 milya dola. Plan sa pa t fè ni fanatik ni lòt enstans konsène nan foutbòl yo plezi ditou.


Kisa bagay la te ye menm?

Selon FIFA, pwojè a pa t vle di yo t ap "vann Koup di Mond lan." Olye de sa, òganizasyon an te vle kreye yon konpayi ki t ap jere aspè komèsyal yo tankou dwa televizyon, esponnsorizasyon, lisans pwodwi ak lavant tikè pandan FIFA menm t ap kontinye òganize konpetisyon yo. FIFA te fè konnen lajan ki sòti nan operasyon sa t ap pèmèt li ogmante envestisman nan devlopman foutbòl toupatou nan mond lan.

FIFA te bay 211 federasyon manm li yo yon iltimatòm jiska dat 19 Septanm pou yo bay apwobasyon yo pou nouvo estrikti komèsyal la. Daprè enfòmasyon ki te sikile, chak federasyon te kapab resevwa anviwon 20 milyon dola anplis, ak yon pake finansman ki te kapab rive anviwon 40 milyon dola lè yo ajoute kèk distribisyon ki te deja prevwa.

Prezidan FIFA a, Gianni Infantino, te defann pwojè a lè li te eksplike li te kapab debloke plizyè milya dola pou ede federasyon manm yo devlope foutbòl nan peyi yo.

FIFA te fè konnen yon desizyon anvan 19 septanm te nesesè pou nouvo finansman an te kapab disponib depi 1e janvye 2027. Men tout moun te ka wè ak klè se te yon mwayen pou achte vòt ti peyi manm yo yon fason pou abouti ak plan an.

Malgre eksplikasyon FIFA yo, ki dayè te fèt aprè anons plan an, anpil dirijan foutbòl ak fanatik te wè plan an kòm yon fason pou mete pi gwo konpetisyon planèt la anba enfliyans envestisè prive sa ki poze yon gwo danje pou entegrite foutbòl la epi kapab mete malere deyò nèt nan kesyon foutbòl.

Gwo opozisyon ak menas bòykòt te fèt pou dosye sa

Pi gwo opozisyon an sòti nan UEFA, ki reprezante 55 federasyon Ewopeyen yo. Nan yon deklarasyon trè sevè, UEFA deklare:
"Koup Dimond lan pa yon pwodwi envestisman; se yon eritaj mondyal jwè yo, ekip yo ak sipòtè yo bati atravè plizyè jenerasyon."

UEFA kritike FIFA tou paske li te prepare pwojè a san transparans ni konsilte konfederasyon manm yo. Selon UEFA, si envestisè prive vin gen enterè finansye dirèk nan Koup Dimond lan, fè lajan ka vin pase devan enterè espòtif yo.

Youn nan eleman ki fè kriz la te gwo se menas plizyè federasyon ewopeyen pou bòykote tout konpetisyon FIFA yo si pwojè sa ta kontinye. Absans ekip Ewopeyen yo t ap diminye anpil nan valè espòtif ak komèsyal Koup Dimond lan, paske anpil nan pi gwo seleksyon mond lan soti sou kontinan sa a.

Genyen tou lòt konfederasyon tankou CONCACAF, CONMEBOL ak AFC, ki mande plis transparans sou fason pwojè a ta fonksyone epi di FIFA te dwe mande yo avi yo, san yo pa refize dosye a kategorikman oswa bay iltimatòm menmjan ak UEFA.

Se pa sèlman konfederasyon yo ki reyaji

Carlos Cordeiro, ansyen prezidan federasyon Ameriken an, yon konseye FIFA kounya, demisyone pandan kriz la. Li deklare pwojè a te manke transparans epi li pa t nesesè, paske FIFA deja ap fè gwo kòb.

Daprè plizyè rapò, kèk lòt gwo responsab FIFA te eksprime dout sou fason dosye sa te prepare. Pa egzanp, Kevin Lamour. Direktè Jeneral nan FIFA ki ta okipe twazyèm plas ki pi enpòtan nan enstitisyon an fè konnen "Pwojè sa pa t pwojè nou. Se te pwojè Infantino poukò l."

FIFA fè bak

Aprè gwo presyon entènasyonal, FIFA anonse li abandone plan an, pandan li ensiste moun yo te mal entèprete pwojè a epi li pa t ap janm avanse san gwo sipò federasyon manm yo.

Desizyon sa a rive aprè opozisyon UEFA, menas bòykòt ak divizyon ki te parèt menm anndan FIFA.

Kisa sa vle di pou lavni?

Menmsi FIFA retire pwojè a pou kounye a sa kite gwo dout kay fanatik ak lòt dirijan foutbòl. Èske dosye sa p ap retounen sou tab la ankò sou yon lòt fòm? Kiyès moun ka fè konfyans pou jere foutbòl la san enterè mesken lè nou konnen prezidan FIFA anvan an te oblije kite pòs la pou koripsyon.

Annatandan, FIFA gen Mondyal fanm nan k ap vini la an 2027 ki se dezyèm pi gwo konpetisyon l pou l fokis epi eseye repran konfyans piblik la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )