ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Real Madrid bay mond lan yon gwo sipriz

imaj atik la

31 jiyè 2026   Benswilkenson Jean   3042

Klèb espanyòl Real Madrid bay mond foutbòl la yon gwo sipriz. Yo achte yon jwè okenn moun pa t atann.


Klèb Madrilèn lan Real Madrid tranble mond foutbòl la nan mache transfè a. Pandan tout je fikse ap tann Diomandé, Olise, Rodri, Florentino Perez fè yon lòt kout gidon.

Direksyon Kay Blanch lan siyen ofisyèlman jèn atakan espanyòl 21 lane Carlos Espí Escrihuela. Jèn atakan sa a ki te ap jwe nan klèb Levante UD a siyen ak klèb Merengue e menm gentan patisipe nan antrènman ak yo.

Carlos Espí vin ranplase Gonzalo Garcia ekip Real Madrid la vann ak Fulham. Espí fòme nan UD Alzira ak Levante UD, Real se pral dezyèm klèb pwofesyonèl nan karyè l aprè Levante.

Li ap jwe nan ekip pwofesyonèl ak Levante depi lane 2023. Carlos make 20 gòl nan 66 match.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )