ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Mariano Díaz mete dife nan premye match li ak Alavés

imaj atik la

15 dawout 2026   Gamarck Antoine   964

Mariano Díaz fè yon premye match ekstrawòdinè nan Liga a. Atakan dominiken an te jwe yon wòl enpòtan nan gwo viktwa 3-0 Alavés la sou Getafe pou premye jounen chanpyona a.


Mariano te antre sou teren an nan 57èm minit, men li pa t pran anpil tan pou l fè diferans lan. Nan 73èm minit, li bay yon pas desizif anvan li make pwòp gòl pa li nan 90+2e minit.

Men se pa t fini, de minit aprè, nan 90+4 minit, Mariano te bay yon dezyèm pas desizif, pou l patisipe dirèkteman nan tout 3 gòl Alavés yo.

An total, li fini match la ak 1 gòl plis 2 pas desizif nan sèlman kèk minit li pase sou teren an. Yon pèfòmans ki voye yon mesaj klè depi premye jounen an.

Gòl sa gen yon siyifikasyon espesyal pou Mariano, paske li pa t make nan La Liga depi sezon 2021-2022. Retou li nan chanpyona Espay la pa t ka pi bèl pou atakan dominiken an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )