ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Málaga CF retounen nan Liga a aprè 8 lane absans

imaj atik la

15 dawout 2026   Steve Pierre   1278

Málaga CF ap viv yon moman istorik. Klèb andalou a ofisyèlman retounen nan Liga a, premye divizyon foutbòl Espay la, apre uit (8) lane li te pase lwen elit foutbòl espanyòl la.


Pou rive nan objektif sa a, Málaga te oblije pase pa faz pleyòf yo. Nan match retou a kont Almería, ekip la te fè yon viktwa (2-1) sou teren advèsè a, nan mwa jen pase a. Yon rezilta ki te pèmèt li valide monte li pou sezon 2026-2027 la. Klèb la vin jwenn Racing Santander ak Deportivo La Coruña, ki te deja asire pwomosyon yo dirèkteman.

Tounen sa gen yon siyifikasyon espesyal pou yon klèb ki te deja fè tout Ewòp pale de li. Nan sezon 2012-2013 la, Málaga te rive jouk nan kadefinal Ligue Des Champions an. Se te youn nan pi gwo reyalizasyon nan listwa ekip la, anvan Borussia Dortmund te elimine li nan yon doub konfwontasyon ki rete grave nan memwa anpil fanatik.

Men aprè peryòd siksè sa, yo te tonbe nan gwo pwoblèm finansyè. Dèt yo te monte pa pil, UEFA te pran sanksyon kont yo, epi rezilta espòtif yo te kòmanse degrade. Sitiyasyon an te mennen Málaga desann divizyon aprè divizyon, jiskaske li te rive jwe nan Primera RFEF, twazyèm nivo nan foutbòl espanyòl la.

Jodi a, Málaga ap ekri yon nouvo chapit nan istwa li. Menm si ekip la poko gen mwayen ak anbisyon gwo klèb tankou Real Madrid, FC Barcelone oswa Atlético Madrid, retou li nan Liga a reprezante yon gwo viktwa pou yon enstitisyon ki te prèske disparèt. Fanatik yo deja ap tann avèk anpil antouzyas retou gwo afich yo nan estad La Rosaleda a ki kenbe 30000 plas.

Nouvo sezon Liga a ap kòmanse wikenn sa, epi premye defi Málaga ap yon gwo tès kont Atlético Madrid 19 dawout k ap vini. Yon okazyon pou klèb la kòmanse batay pou li ka rete nan premye divizyon pami bon yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )