Chanpyona Espay la ap retounen sou teren nan wikenn 15 ak 16 dawout k ap vini la pou sezon 2026-2027 la. Men, foutbòl espayòl la pral antre nan yon nouvo faz ak plizyè chanjman nan fason abit yo pral jere match yo. Nouvo mezi sa yo soti nan IFAB, enstitisyon ki tabli lwa jwèt, pou diminye pèdi tan epi amelyore transparans nan desizyon abit yo.
Aprè plizyè semèn depi li kanpe, La Liga ap pare pou leve rido sezon 2026-2027 la ak anpil nouvo dispozisyon ki pral touche jwè, antrenè ak abit yo. Objektif prensipal chanjman sa yo se fè jwèt la vin pi rapid, pi jis epi limite estrateji pou pèdi tan.
Pami pi gwo chanjman yo, VAR la ap jwenn plis pouvwa. Depi nouvo sezon an, teknoloji asistans abit la kapab entèvni sou kèk sitiyasyon ki te konn rete deyò kontwòl li, tankou yon dezyèm kat jòn ki bay yon ekspilsyon ki pa t merite, yon erè sou idantite yon jwè ki resevwa kat wouj, oswa yon move kònè ki bay a yo ekip.
Nan batay kont pèdi tan, gen gwo mezi ki pran. Yon jwè ki ranplase ap genyen sèlman 10 segonn pou kite teren an. Si li pran plis tan, jwè k ap antre a ap oblije tann yon minit anvan li kapab patisipe nan match la.
Jwè ki resevwa swen medikal sou teren an ap genyen tou yon nouvo obligasyon: aprè li fin resevwa trètman, li dwe rete deyò pandan yon minit anvan li retounen nan jwèt la, sof si se kèk sitiyasyon espesyal ki prevwa nan règ yo.
Gadyen yo pral anba plis siveyans tou. Si yon Gadyen sispann jwèt la pou swadizan blesi san li pa t sibi yon fot ki jistifye sa, ekip li a kapab oblije jwe pandan yon minit ak yon jwè an mwens. Mezi sa a vize anpeche itilizasyon blesi kòm taktik pou kase rit yon match.
Pou ankouraje yon jwèt ki pi dinamik, abit yo ap kapab mande pou kèk remiz fèt pi vit. Nan kèk sitiyasyon kote gen reta volontè, yon lwa 5 segonn kapab aplike pou reprann jwèt la.
Yon lòt pwen ki touche penalite yo: lè tirè a fè yon doub kontak ak boul la pandan yon penalite, desizyon an ap depann de rezilta aksyon an. Règ la prevwa fason pou trete sitiyasyon sa a pou evite avantaj ki pa regilye.
Anplis, abit yo ap gen plis posiblite pou kominike ak piblik la nan estad la pou eksplike kèk desizyon enpòtan, yon mezi ki fèt pou pote plis klète ant abit, jwè ak sipòtè yo.
Pandan La Liga ap pare pou nouvo sezon li a, tout je pral sou fason nouvo règ sa yo pral aplike. Pou kèk moun, se yon avansman nan direksyon yon foutbòl ki pi jis; pou lòt moun, se yon nouvo defi pou jwè ak abit yo adapte yo ak yon jwèt ki vin pi kontwole.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou