CONCACAFChampionsCupGoldCupCaribbeanCupLòt
AKÈY CONCACAF Lòt

Lòt

Ayiti-Kostarika, yon lòt match pou Grenadye yo pwouve dominasyon yo

imaj atik la

24 jiyè 2026   Benswilkenson Jean   893

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan ap afwonte Kostarika nan kad Ligue des Nations CONCACAF la. Match sa anonse yon revanj bò kote kostarisyen yo, men Grenadye yo jwenn yon lòt posiblite pou montre dominasyon yo sou nasyon amerik santral la.


Nan kad Ligue des Nations CONCACAF nan gwoup A a, Seleksyon ayisyèn lan pral kontre bab pou bab ak seleksyon Kostarisyèn lan. Yon rankont ki anonse anpil emosyon depi sou dènye fwa Grenadye yo te kontre ak Tikòs yo nan kad eliminatwa Mondyal 2026 la.

Nan dènye konfwontasyon 2 seleksyon sa yo, Grenadye yo te reyisi fè 4 pwen sou yo. Lè nou te fè match nil kont yo epi nou te vin bat yo nan match retou a. Depi apre lè sa a peyi seleksyon kostrisyèn lan ta sanble gen yon kafe san sik pou l bwè ak Ayiti.

Nan listwa 2 seleksyon sa yo, yo jwe deja 9 fwa. Premye fwa yo te jwe se te nan lane 2008 nan kad eliminasyon Mondyal 2010. Grenadye yo te tonbe 3-1. Nan 9 konfwontasyon yo, Kostarika devan avèk 4 viktwa, bò kote Ayiti se 2 viktwa. Premye fwa nou te bat yo se te nan Gold Cup 2019 la nou te bat yo 2-1. Dènye fwa nou pase men sou yo se nan eliminatwa Mondyal 2026 la nou te pase yo 1-0.

Kostarika gen 10 lane depi l poko janm met do Ayiti atè. Dènye fwa yo te bat nou se depi lane 2016 nan eliminatwa Mondyal 2018, yo te bat nou 1-0. Depi aprè lè sa a se kiyè bwa nap pase nan mayi moulen yo.

Pandan peyòd 15 lane sa a nou fè 3 match nil avèk yo epi nou fè 2 viktwa.

Nou pral gen pou nou kwaze yo nan dat 28 septanm 2026 la ak nan dat 6 oktòb 2026 nan kad Ligue des Nations CONCACAF la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )