CONCACAFChampionsCupGoldCupCaribbeanCupLòt
AKÈY CONCACAF CaribbeanCup

CaribbeanCup

Violette AC voye yon gwo mesaj pandan plizyè jwè briye fas Defence

imaj atik la Kredi Foto: @Violette AC

5 dawout 2026   Neuvième Junior   1890

Violette AC pa t sèlman genyen kont Defence Force FC, li te voye yon mesaj bay tout Karayib la. Nan viktwa sa a, plizyè jwè leve nivo yo epi pran kontwòl match la.


Steeven Saba, se youn nan pi gwo satisfaksyon yo. Avèk eksperyans li, li te bay rit nan mitan tèren an, òganize jwèt la, epi ede ekip la domine posesyon an. Retou li nan Violette deja ap fè anpil pale.

Elyvens Dejean kote pa l, te montre tout kalite li nan faz ofansif yo. Vitès li, mouvman li san boul ak kapasite l pou kreye danje, te mete defans Defence Force la anba gwo presyon pandan tout rankont lan.

Kote defans Violette AC a, li te gen yon atou nan fason l te solid anpil pandan match la. Liy dèyè a ansanm ak gadyen an, te limite tout tantativ ekip Trinidad la. Sa ki pèmèt Violette fini match la san pran gòl.

Avèk yon viktwa 3-0 nan premye match li nan Caribbean Cup la, klèb ayisyen an montre li gen zam pou ale lwen nan konpetisyon an epi pote fyète pou foutbòl ayisyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )