Foutbòl la konnen yon nouvo règ nan peyi Brezil. Yon jwè pral pase plizyè mwa san jwe foutbòl akoz li fè yon fot sou yon lòt jwè.
Nan peyi Brezil yon nouvo sanksyon parèt tèt li nan mond foutbòl la. Viktor Gabriel ki se defansè ekip Porto Alegre a se premye jwè ki tonbe anba sanksyon sa.
Akoz yon tak Gabriel te fè sou yon advèsè l, li te rive frape jwè a nan zo tibya l. Frap sa a mete jwè a deyò tèren pou yon bon bout tan. Jistis foutbòl lokal la nan peyi Brezil sanksyone Gabriel pou li pase menm kantite tan ak jwè ki blese a san li pa jwe foutbòl. Sa ki vle di si jwè ki blese a fè 6 mwa li paka jwe boul, defansè Porto Alegre a li menm tou ap pase 6 mwa anba sanksyon an pou li pa jwe boul.
Desizyon sila pa definitif jwè a ak tout klèb la kapab pran chimen Lajistis pou eseye bese sanksyon an. Men pou kounya jwè a gen yon sanksyon 180 jou sou do l pou li pa jwe boul.
Jwè a fè konnen li pa t gen okenn move entansyon sou tak la men pito se tèren an ki te glise ki koz sa rive.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou