BREZILSerieASerieBBrazilCupLòt
AKÈY BREZIL Lòt

Lòt

Poukisa Thiago Mendes pa bay Neymar lamen?

imaj atik la

17 dawout 2026   Steve Pierre   1254

Ayè dimanch lan, nan estad São Januário, peyi Brezil, yon nouvo epizòd nan yon vye kont ant de (2) jwè brezilyen te pase devan tout moun : Thiago Mendes, kapitèn Vasco da Gama, pa t bay Neymar, kapitèn Santos la, lamen anvan match la kòmanse.


Nan kad 23èm jounen chanpyona Brezil la, Santos t ap deplase al jwe sou teren Vasco da Gama. Pandan pwotokòl anvan match la, de (2) kapitèn yo pa t salye youn lòt.

Lè ekip yo te sou teren an pou youn salye lòt jan sa toujou fèt, Neymar te lonje men l bay Thiago Mendes, men Mendes pase devan l san l pa gade l. Menm bagay la repete lè de (2) kapitèn yo te kanpe akote abit la pou tiraj osò a.

Sou teren an, Santos te genyen match la (3-0), yon viktwa enpòtan ki fè yo soti nan zòn relegasyon epi remonte nan 14èm plas nan chanpyona brezilyen an. Vasco li menm 19èm nan klasman an.


Kont ant de (2) mesye yo pa bagay jodi a. Li kòmanse depi desanm 2020, lè Thiago Mendes t ap jwe pou Olympique Lyonnais (OL) an Frans. Nan yon match kont PSG, Mendes te fè yon gwo tak sou Neymar ki te blese atakan brezilyen an, grav blesi sa a te fòse Neymar rete plizyè semèn san l pa jwe.

Tansyon an te retonbe pandan yon tan, men li te leve ankò an fevriye lane sa, pandan yon lòt match ant Santos ak Vasco da Gama kote Santos te genyen (2-1). Aprè Neymar make yon gòl, li te fè yon selebrasyon an omaj a Vinicius Junior. Thiago Mendes, te wè jès sa a kòm yon mank de respè, te al bay Neymar yon kout tèt.

Apre epizòd fevriye a, Neymar pa t kache santiman l: li te di Mendes toujou renmen kreye polemik, li aji tankou yon "ti tonton", li te menm rele l yon "enbesil", pandan l t ap raple jan Mendes te blese l lè yo te ansanm nan Ligue 1 an.

Aprè match ayè a anpil moun pa t mete dlo nan bouch yo pou kritike Thiago Mendes.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )