Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Federasyon ayisyèn foutbòl òganize jodi vandredi 14 dawout premye jounen nan twa jou deteksyon yo lanse pou monte pwochen seleksyon nasyonal U-15 lan k ap gen pou reprezante Ayiti nan Festival FIFA Challenge 2026 lan.
Sou tèren Saint Louis de Gonzague lan, nan Dèlma 33, lekòl foutbòl ki sòti nan tout rakwen rejyon metwopolitèn lan ak nan divès vil pwovens te mennen jèn talan yo genyen yo vin pran chans yo nan aktivite sa ki te dewoule sou sipèvizyon direksyon teknik nasyonal la.
Malgre solèy cho, jèn yo te trè motive pou premye jounen deteksyon an kote meyè talan yo ap gen pou rapouswiv nan pwosesis lan pandan 2 pwochen jou yo. Kwòdonatè seleksyon nasyonal yo, Carlo Marcelin, Direktè teknik nasyonal lan, Chéry Pierre, antrenè seleksyon nasyonal U-20 an, Raul González Triana, se kèk nan responsab ki te prezan pandan jounen sa.
Konsènan lekòl foutbòl ki te mennen jwè vin patisipe yo, nou te kapab remake prezans FC Toro, JAF Académie, Jacot Football Passion, pou n site sa yo sèlman. Anpil jèn ki te patisipe nan aktivite yo pa t kache kontantman yo pou premye jounen sa ki se pou yo yon gwo opòtinite.
Nan pa twò lontan, Ayiti ap gen pou patisipe nan Festival FIFA Challenge U-15 lan k ap gen pou fèt nan peyi Azèbadjan. Nan menm moman, Federasyon ayisyèn foutbòl deja ap travay avèk yon ekip U-14 k ap gen pou jwe CFU Challenge Series nan peyi Repiblik dominikèn kòmansman semèn k ap vini an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou