Kredi Foto: @Fédération haïtienne de football (FHF)
Seleksyon Ayiti U-17 la reyini nan Pòtoprens pou kòmanse preparasyon li pou Koup Dimond U-17 FIFA 2026 la, daprè enfòmasyon federasyon ayisyèn foutbòl kominike jodi madi 11 dawout lan.
Jèn Grenadye yo ap travay nan kad yon konsantrasyon ki make kòmansman preparasyon yo pou pwochen Koup Dimond U-17 gason an, ki pral fèt nan peyi Kata sòti 19 novanm rive 13 desanm 2026.
N ap raple, Ayiti twouve l nan Gwoup D a ansanm ak Lafrans, Arabi Sawoudit epi Irigwe. Pou yon lòt fwa ankò, edisyon sa pral rasanble 48 seleksyon.
Konsantrasyon an nan Pòtoprens reprezante, daprè FHF la, premye etap preparasyon seleksyon ayisyèn lan anvan patisipasyon Grenadye yo nan faz final Mondyal U-17 2026 la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou