Jodi madi 4 dawout 2026 la kapab vin youn nan dat ki pi enpòtan nan listwa foutbòl ayisyen an. A pati 4è nan aprèmidi (lè Ayiti), seleksyon nasyonal gason U20 Ayiti a ap rankontre Kostarika nan kadefinal Chanpyona CONCACAF U20 nan Estadio Universitario BUAP, nan vil Puebla, peyi Meksik.
Plis pase yon senp match, rankont sa a ka louvri pòt yon premye paj istorik pou Ti Grenadye yo. Dapre règ konpetisyon an, kat (4) ekip ki rive nan demifinal yo ap kalifye dirèkteman pou Koup Dimond U20 2027 la. Sa vle di yon viktwa kont Kostarika ap voye Ayiti nan premye Mondyal U20 gason nan tout listwa li.
Jiskaprezan, Ayiti deja make prezans li sou sèn mondyal la nan plizyè kategori. Seleksyon granmoun gason an te patisipe nan Koup Dimond 1974 ak 2026 la, pandan ekip U17 yo te kalifye an 2007, 2019, 2025 ak 2026. Ekip U15 la te rive fè menm bagay la tou an 2026. Men, nan kategori U20 gason an rete sèl pyès ki manke nan tablo kalifikasyon Mondyal foutbòl ayisyen an.
Jèn Grenadye yo rive nan etap sa a ak anpil konfyans. Ekip la, ki anba direksyon Raúl Valentín González Triana ak Ernso Datus, te fini dezyèm nan Gwoup A aprè de (2) viktwa enpòtan kont Kiba (3-2) ak Salvadò (2-1). Rezilta sa yo montre kapasite ak detèminasyon yon jenerasyon ki sanble pare pou fè listwa.
Fas ak yon seleksyon Kostarika ki toujou difisil pou jwe, Ayiti konnen defi a pa pral fasil. Men objektif la klè : genyen match la epi pran yon tikè istorik pou Mondyal U20 2027 la. Aprè tout jefò ak bèl pèfòmans yo depi kòmansman tounwa a, Grenadye yo sèlman a 90 minit pou ekri non yo an lèt dò nan liv foutbòl ayisyen an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou