Nan yon kominike pou laprè direksyon klèb ASC a anonse nominasyon Ernso Datus kòm nouvo antrenè prensipal ekip la.
Ernso Datus se ansyen antrenè klèb Baltimore SC a kounya ki pral pran tèt ekip AS Capoise la. Ak ekip Baltimore sezon pase a, Ernso te mennen ekip la nan ni final ouvèti chanpyona a ak ni final kloti chanpyona nasyonal la. Malerezman li te pèdi tou 2 fas Violette AC.
Jèn antrenè a se antrenè adjwen seleksyon nasyonal U20 an tou, kounya pral dirije yon lòt bato nan chanpyona nasyonal la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou