Kredi Foto: @Le Mans FC
Defansè entènasyonal ayisyèn Roxanne Vilain franchi yon nouvo etap nan entegrasyon l anndan ekip Le Mans FC a avèk premye titilarizasyon l avèk klèb lan ki jwe jodi mèkredi an yon match zanmitay kont FC Nantes.
Pou premye eksperyans li nan mond foutbòl pwofesyonèl la, ansyèn defansè West Virginia University a te nan onz estaf teknik Le Mans FC an te chwazi pou kòmanse match sa kont ekip FC Nantes lan, nan match preparasyon pou sezon 2026-2027 Seconde Ligue lan.
Mansèl yo, ki te fini twazyèm nan dènye sezon Seconde Ligue la, pèdi jodi mèkredi a 2-0 kont FC Nantes, malgre prezans Roxanne Vilain ki t ap jwe bò kote konpatriyòt li Anyssa Ibrahim ki te kòmanse match lan tou.
A 24 lane, jwez entènasyonal ayisyèn lan, ki fèt Monreyal (Kanada), kontinye avèk pwogresyon li nan foutbòl wo nivo an, aprè l te deja jwe sou koulè seleksyon nasyonal la. Roxanne Vilain siyen nan ekip Le Mans FC sa gen anviwon 2 semèn, aprè l te fin pase plizyè lane ap evolye nan West Virginia University.
Defansè ayisyèn lan pral kapab konte sou Anyssa Ibrahim, mitan tèren ayisyèn 26 lane a, ki pral pase yon dezyèm sezon nan Le Mans FC, aprè yon eksperyans nan Liga BPI a nan peyi Pòtigal.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou