Colorado Springs Switchbacks FC jwenn tikè li pou demifinal USL Cup 2026 la, aprè yon gwo batay kont Spokane Velocity FC. Nan yon match ki te rete sere, de ekip yo pa t rive fè diferans lan nan tan reglemantè yo, sa ki te mennen rankont lan nan penalite, kote Switchbacks finalman jwenn kalifikasyon l.
Kalifikasyon sa gen yon gou espesyal pou foutbòl ayisyen an, paske de entènasyonal ayisyen yo, Garven Metusala ak Duke Lacroix, te patisipe nan rankont la. De defansè yo se jwè Colorado Springs Switchbacks epi yo te deja ede Ayiti jwenn plas li pou Mondyal 2026 la.
Garven Metusala te kòmanse match la, li te pran plas li nan liy defans Switchbacks yo pou ede ekip la fè fas ak presyon Spokane. Men nan 77èm minit la, antrenè a te fè yon chanjman kote Duke Lacroix te antre nan plas Metusala. Konsa, de Ayisyen yo te patisipe nan gwo batay kadefinal sa, youn kòm titilè epi lòt la kòm ranplasan ki antre nan dènye pati match la.
Aprè 90 minit kote okenn ekip pa t rive pran avantaj, se penalite ki te deside kalifikasyon an. Switchbacks te montre plis san fwa nan moman desizif la pou elimine Spokane epi kontinye avanti yo nan konpetisyon an.
Pou Colorado Springs, se yon kalifikasyon ki demontre karaktè ekip la nan yon match eliminatwa. Pou Metusala ak Lacroix, se yon lòt okazyon kote de Ayisyen yo mete eksperyans yo nan sèvis ekip la epi kontinye fè drapo Ayiti parèt sou sèn foutbòl pwofesyonèl ameriken an.
Switchbacks kontinye wout li nan USL Cup la. Aprè yon match ki te mande pasyans ak rezistans, se penalite ki finalman louvri pòt demifinal la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou