AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Soni Mustivar retounen nan Bastia pou yon nouvo etap nan karyè li

imaj atik la

15 dawout 2026   Gamarck Antoine   510

Soni Mustivar ap kontinye tranzisyon li nan mond antrenè a. Ansyen entènasyonal ayisyen an retounen ofisyèlman nan SC Bastia, klèb kote li te lanse karyè pwofesyonèl li, fwa sa a kòm antrenè adjwen ekip U17 la.


Aprè li te pase sezon ki sot pase a ap dirije FC Gueugnon nan Régional 1, Mustivar ap pran yon nouvo direksyon nan karyè li. Ansyen mitan teren ayisyen an, ki te pase plis pase 10 lane kòm jwè pwofesyonèl, ap kòmanse mete eksperyans li nan sèvis fòmasyon jèn foutbolè yo.

Pandan karyè li kòm jwè, Mustivar te defann koulè seleksyon Ayiti a pandan plizyè lane e li te patisipe nan plizyè gwo randevou entènasyonal ak Grenadye yo. Eksperyans li nan foutbòl pwofesyonèl ak nan seleksyon nasyonal la se yon avantaj enpòtan li pote nan nouvo fonksyon sa.

Retou li nan Bastia gen yon siyifikasyon espesyal, se nan klèb sa li te kòmanse karyè pwofesyonèl li kòm jwè, epi se la li retounen pou l kontinye bati nouvo karyè li kòm antrenè.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )