Ruben Providence poko fè premye aparisyon li pou Almere City nan sezon 2026-2027 la. Atakan ayisyen an rate de premye match ekip la nan Eerste Divisie, yon 1-1 kont FC Den Bosch 8 dawout, epi yon viktwa 3-1 kont Jong PSV 14 dawout.
Absans Providence lan rive aprè li te patisipe nan Koup Dimond 2026 la ak Ayiti, kote li te jwe twa match. Sitiyasyon an vin pi konplike akoz yon blesi nan lèn sa nou rele adiktè a, yon blesi li te deja sibi nan fen sezon pase a. Flevoland Vooruit ki se yon medya olandè te konfime blesi sa. Sous ayisyen yo te rapòte pwoblèm nan tou, pandan lòt sous ki suiv jwè a te rapòte pwoblèm nan te kapab mande plizyè semèn pou li retounen.
Sepandan, Almere City poko bay yon eksplikasyon ofisyèl ki presize si absans aktyèl la se konsekans blesi a, reta nan preparasyon aprè Mondyal la oswa yon lòt rezon. Providence toujou fè pati ekip la, e kontra li ak klèb Olandè a ap kouri jiska 30 jen 2027.
Pou kounye a, retou entènasyonal ayisyen an rete youn nan kesyon k ap tann repons nan kòmansman sezon Almere City a.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou