Pou Mondyal 2026 la ansyen antrenè fransè seleksyon nasyonal la te fè apèl ak 26 jwè jan FIFA te mande sa a. Gen anviwon 7 nan jwè sa yo ki fè mouvman nan klèb yo pandan mache transfè a.
Mondyal 2026 la se te okazyon pou plizyè grenadye te montre vrèman sa yo gen nan djakout yo. Malgre seleksyon nasyonal la pa t fè okenn pwen pandan pakou a men gen plizyè jwè ki te leve tèt yo nan gwoup la e montre kalite yo nan je tout mond lan. Sa ki vin fè gen kèk ti mouvman tou piti pou ayisyen yo pandan peryòd mache transfè sa.
Genyen ladan yo ki chanje klèb, genyen tou ki retounen nan ansyen klèb yo. Konsa tou genyen nan Grenadye yo ki poko jwenn nouvo defi nan karyè yo.
Men kòman mouvman mache a ye jiska prezan bò kote Grenadye ki te patisipe nan Mondyal la:
Nan 26 grenadye ki te nan Mondyal la gen 6 ladan yo ki chanje klèb. Pami 6 la gen 2 ki retounen nan ansyen klèb yo.
-Martine Experience siyen kòm nouvo jwè klèb dezyèm divizyon bèlj FCV Denver aprè kontra li te fini ak klèb fransè a Nancy Loraine.
-Jean Kevin Duverne siyen ofisyèlman ak klèb chipriyòt Omonia Nicosie yon kontra 2 lane ak youn kòm opsyon.
-Keeto Thermoncy ki te nan ekip U21 Young Boys la siyen nan FC Stade Nyonnais.
-Dominique Simon siyen nan klèb FK Pardubice la nan peyi Repiblik Tchèk.
-Frantzdy Pierrot retounen nan ekip AEK Athens lan aprè prè li te fin bout ak Rizespor.
-Wilguens Paugain pwolonje kontra l ak Zulte Waregem jiska lane 2028.
-Garven Metusala retounen nan Colorado Springs Switchback.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou