Defansè lateral goch seleksyon ayisyèn lan Martine Experience jwe pou premye fwa depi aprè pasaj li nan Mondyal 2026 la ak Grenadye yo.
Jèn defansè 27 lane a ki apèn kite ansyen klèb li AS Nancy Loraine te debake pou sezon sa nan dezyèm divizyon peyi Bèljik nan klèb FC V Dender a.
Martine Expérience benefisye premye minit li sou tèren pou ekip Dender a nan kad premye jounen Challenger Pro League la. FCV Dender te an deplasman lakay klèb Hasselt la, yo tonbe 1-0. Yo te pran gòl sa depi nan 7èm minit.
Grenadye a ki te kòmanse match la sou ban te monte nan 61èm minit. Pou premye match li ak ekip la Martine tonbe sou yon defèt.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou