AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Martin Expérience pran direksyon Bèljik

imaj atik la

13 dawou 2026   Gamarck Antoine   1100

Aprè kontra li ak AS Nancy-Lorraine te rive nan bout li, entènasyonal ayisyen an Martin Expérience jwenn yon nouvo defi. Entènasyonal Ayisyen an ofisyèlman siyen ak FCV Dender EH, yon ekip ki pral evolye nan Challenger Pro League, dezyèm divizyon Bèljik la, pou sezon 2026-2027 la. Dender konfime nouvèl la sou kont ofisyèl klèb la sou X.


Transfè a vini kèk semèn aprè Expérience te patisipe nan Koup Dimond 2026 la ak Ayiti. A 27 lane, li pote eksperyans li ak Avranches, Cholet ak Nancy, ansanm ak plizyè lane nan foutbòl pwofesyonèl fransè a.

Dender, ki sòti nan premye divizyon Bèljik la, pral chèche retounen rapidman nan elit la. Expérience ap vin ranfòse bò gòch ekip la nan pwojè sa, pandan l ap chèche jwenn plis regilarite nan nouvo chanpyona li pral konnen an.

Se pa premye moun ki gen san Dessalines ki pral pote koulè ekip sa, Antoine Claude De Bodt, yon jwè bèlj ki gen orijin ayisyen, te deja pase nan Dender, kote li te jwe 12 match nan Challenger Pro League nan sezon 2022-2023 la.

Aprè Mondyal la, Martin Expérience kite Lafrans pou Bèljik. Nouvo misyon Grenadye a se ede Dender remonte nan elit la epi kontinye fè wout li nan foutbòl ewopeyen an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )