AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Malgre yon katon wouj, sware Ayisyen yo te bèl nan Colorado Springs Switchback

imaj atik la

16 dawout 2026   Gamarck Antoine   851

Garven Metusala te make youn nan moman ki pi enpòtan nan viktwa 3-2 Colorado Springs Switchbacks sou Birmingham Legion, nan yon match ki konte pou 20èm jounen USL Championship ki te fini nan yon senaryo espektakilè. Defansè ayisyen an te make gòl egalizasyon an anvan li te kite teren an aprè yon dezyèm katon jòn nan tan adisyonèl.


Metusala te kòmanse match la kòm titilè e li te fè yon gwo kontribisyon ofansif lè li te jwenn gòl la nan 45+4 minit, pou pèmèt Colorado Springs antre nan vestyè a ak yon egalite 1-1. Li te kontinye patisipe aktivman nan batay defansif ekip la nan dezyèm peryòd la kote li te pran yon premye katon jòn nan 66èm minit.

Men, sware a te fini yon fason pi difisil pou entènasyonal ayisyen an. Nan 90+11 minit, Metusala te resevwa yon dezyèm katon jòn, sa ki te voye l deyò nan yon moman kote ekip li t ap defann yon viktwa enpòtan.

Malgre ekspilsyon an, Colorado Springs te deja fè yon remonte ekstrawòdinè. Aprè Birmingham te reprann avantaj 2-1 nan 86èm minit, Adrien Perez egalize nan 90+5 minit anvan Juan Tejada make gòl viktwa a nan 90+9 minit .Switchbacks yo ranvèse match la pou pran twa pwen yo.

Duke Lacroix, lòt entènasyonal ayisyen ki te kòmanse match la, te bay ekip la prezans li sou plan defansif. Li te rete sou teren an pandan 87 minit . Lacroix, ki se yon jwè enpòtan nan ekip Colorado Springs la, te kontinye ajoute eksperyans li nan yon rankont ki te mande anpil efò fizik ak konsantrasyon.

Pou Metusala, pèfòmans sa a gen yon gou espesyal, yon gòl enpòtan, plis pase 90 minit sou teren an, men yon ekspilsyon ki vin make fen patisipasyon li. Malgre tout tansyon ki te genyen nan dènye minit yo, Colorado Springs jwenn yon viktwa ki ka gen anpil valè nan kous pou faz eliminatwa USL Championship la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )