Lenny Joseph ak Ferencváros pral fè fas ak Trabzonspor nan faz baraj UEFA Europa League la. Klèb Ongwa a rive nan etap sa aprè li elimine Górnik Zabrze ak yon total 2-1 pou yon doub konfontasyon.
Atakan ayisyen an deja jwe yon wòl enpòtan nan pakou ekip la sou sèn Ewopeyen an. Kont FC Twente, Lenny Joseph te make 3 gòl sou de match, yon viktwa 2-1 nan match ale a li t fè de gòl, epi yon lòt gòl nan match retou a, ki te fini 2-2. Ferencváros te pase ak yon total 4-3.
Pou pwochen defi a, Lenny Joseph pral jwenn yon Trabzonspor ki ranfòse konsiderableman ekip li a. Pami gwo non ki prezan nan kan ekip Tiki a gen Mohamed Salah, ansyen vedèt Liverpool la, ansanm ak André Onana, gadyen Manchester United la, ak Stefan Savić, ansyen defansè Atlético Madrid la.
Konfwontasyon sa reprezante yon gwo vitrin pou Lenny Joseph. Aprè li fin fè diferans kont Twente, entènasyonal ayisyen an pral gen pou l montre ankò kapasite li devan yon opozisyon ki gen anpil eksperyans.
Premye match la ap fèt 20 dawout 2026, pandan match retou a ap dewoule 27 dawout. Pou Ferencváros, objektif la se jwenn plas li nan faz Europa League la, pou Lenny Joseph, se yon lòt okazyon pou l kontinye mete non li ak talan li an valè sou sèn Ewopeyen an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou