Fafa Picault te jwe yon gwo wòl nan viktwa 2-1 Atlanta United kont Red Bull New York, samdi 15 dawout 2026, nan MLS la. Atakan ayisyen an te kòmanse match la kòm titilè e li te rete sou teren an pandan 86 minit.
Aprè Red Bulls te pran devan depi 6èm minit atravè Emil Forsberg, Atlanta te lite pou retounen nan match la. Picault te pami jwè ki te pi aktif nan atak la, sitou nan premye peryòd la, kote li menm ak Tristan Muyumba te mete presyon sou liy defans New York la.
Aprè egalizasyon Muyumba nan 69èm minit, se Fafa Picault ki te fè diferans lan. Nan 82èm minit, entènasyonal ayisyen an te jwenn tèt li nan bon pozisyon pou voye yon tèt nan fon filè a epi bay Atlanta avantaj 2-1, yon rezilta ekip la te konsève jiska kout siflè final la.
Picault fini rankont lan ak 1 gòl, 86 minit jwe ak yon katon jòn, pandan FotMob te ba li yon nòt 7.7/10 pou pèfòmans li. Gòl sa fè l rive sou 2 gòl ak 1 pas desizif nan MLS 2026, selon done FotMob yo.
Pou Atlanta United, viktwa sa a gen anpil enpòtans, paske se premye viktwa ekip la lakay li depi 2 me. Pou Fafa Picault, se yon lòt pèfòmans ki montre enpòtans li genyen nan pwojè Atlanta, sitou nan moman ekip la bezwen jwè ki kapab fè diferans nan dènye moman yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou