Derrick Etienne Jr ap travèse yon peryòd ki difisil ak Toronto FC. Aprè plizyè match kote atakan ayisyen an pa t rive jwe 90 minit, ki donk li toujou kòmanse men l pa janm fini match, gen kèk fwa li konn rantre nan fen, li te rete sou ban an pandan tout rankont lan samdi, nan viktwa 2-1 Toronto FC sou New England Revolution nan MLS.
Derrick Etienne pa t jwe okenn minit nan match la. Sitiyasyon sa vini nan yon moman kote tan jwè a limite depi kòmansman sezon an. Daprè estatistik ki disponib, entènasyonal ayisyen an patisipe nan 14 match, 8 kòm titilè, 6 kòm ranplasan, pou yon total 793 minit, li fè 2 gòl epi 0 pas desizif nan MLS.
Malgre absans Etienne sou teren an, Toronto FC te rive pran twa pwen yo gras ak yon viktwa 2-1. Ekip kanadyen an te pran avantaj li anvan poz la, anvan New England te redui diferans lan nan fen match la.
Pou Derrick Etienne Jr, nouvo sitiyasyon sa montre li gen yon batay pou l mennen pou l reprann yon plas enpòtan nan ekip Toronto a. Avèk konpetisyon ki genyen nan sektè ofansif la, pwochen opòtinite li yo pral enpòtan pou l kapab relanse sezon li.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou