AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Aprè yon eksperyans konplike an Frans, Chelsea Domond retounen nan Panathinaikos

imaj atik la Kredi Foto: @Panathinaikos FC

6 Dawout 2026   Jacky Chéry   1833

Aprè 2 sezon nan peyi Lafrans, atakan entènasyonal ayisyèn Chelsea Domond retounen nan peyi Lagrès pou kapab jwe yon lòt fwa ankò nan Panathinaikos. Nan yon piblikasyon sou rezo sosyal yo, klèb lan ofisyalize transfè sa.


Grenadye an ki t ap evolye nan En Avant Guingamp sezon ki sot pase an, mete fen nan avanti li nan peyi Lafrans pou kapab retounen nan Panathinaikos, klèb ki te ba li premye opòtinite pwofesyonèl li nan foutbòl.

Atakan ayisyèn 24 lane an te gen opòtinite evolye pandan yon moman nan Olympique Marseille, peryòd klèb la t ap evolye nan Seconde Ligue la. Akoz yon seri blese ki pa t sispann repete, Grenadye an te gen difikilte pou enpoze l nan efektif OM nan, ki ta pral monte nan premye divizyon.

N ap raple, Chelsea Domond se jwez seleksyon nasyonal ayisyèn lan depi fevriye 2024. Pandan entèval sa, li rive jwe yon dizèn match avèk Grenadye yo epi make plizyè gòl, pami yo youn pandan peryòd Pia Sundhage ap dirije ekip la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )