Aprè yon sezon kote li te ede FC Sochaux-Montbéliard jwenn tikè pou monte nan Ligue 2 a, Alexandre Pierre ap viv yon kòmansman sezon li pa t imajine konsa. Gadyen ayisyen an poko jwenn yon plas titilè aprè de premye jounen chanpyona a, pandan Mehdi Jeannin kontinye jwenn konfyans antrenè Vincent Hognon.
Nan dezyèm jounen an, vandredi 14 dawout la, Sochaux te fè yon match nil 0-0 ak Red Star nan Stade Bauer. Jeannin te kòmanse nan kan, pandan Pierre te rete sou ban an. Sochaux konfime tou de gadyen yo te nan gwoup 20 jwè ki te vwayaje pou match la.
Sitiyasyon an pa vle di Pierre pèdi konfyans klèb la akoz yon move sezon. Okontrè, sezon li te fè a te pèmèt li patisipe nan monte Sochaux epi jwenn yon plas nan seleksyon Ayiti pou Mondyal 2026 la.
Se patisipasyon sa ak Ayiti ki te vin gen yon enpak sou preparasyon li pou nouvo sezon an si n kwè pawòl antrenè a. Pierre te rete ak Grenadye yo pandan Mondyal la, kote li te sèvi kòm dezyèm gadyen dèyè Johny Placide, anvan li retounen nan Sochaux aprè eliminasyon Ayiti.
Pandan Alexandre Pierre te absan, Mehdi Jeannin te gen plis tan pou l prepare ak ekip la. Li te pwofite moman an pou l fè yon bon preparasyon e li te rive mete tèt li nan yon vrè konpetisyon pou plas nimewo 1 an.
Vincent Hognon li menm konfime sa. Antrenè Sochaux a eksplike Jeannin te fè yon trè bon preparasyon e li te desizif, pandan li rekonèt Alexandre Pierre te retounen yon ti jan an reta, men li te fè yon bon sezon. Pou Hognon, pa gen okenn rezon pou pa gen konpetisyon ant de gadyen yo.
Se konsa, Jeannin te kòmanse premye match sezon an epi li te kenbe plas li pou deplasman kont Red Star la. Nan match sa a, li te kenbe kan Sochaux a vid pandan ekip la pran premye pwen li nan sezon an ak yon 0-0.
Pou Alexandre Pierre, sitiyasyon an plis sanble ak yon batay pou plas nimewo 1 an pase yon pèt definitivman plas li. Li toujou nan gwoup la, li toujou fè pati pwojè Sochaux a, epi sezon an long.
Apre bèl sezon li te fè a, gadyen ayisyen an dwe kounye a retounen sou teren an pou montre li toujou merite plas nimewo 1 an. Pou moman an, Jeannin gen avantaj la, men batay la poko fini pou Alexandre Pierre.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou