ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Karim Benzema gen randevou kont ansyen klèb li Al Ittihad

imaj atik la

21 fevriye 2026   Junior Neuvième   1965

Nan ete 2023, atakan fransè a te enstale l nan vil Djeddah avèk yon sèl objektif, defann koulè klèb Al Ittihad la. Aprè kèk sezon, KB9 ki pa t santi l konfòtab nan pwojè Tig yo genyen pou sezon sa, deside ajoute yon lòt paj nan listwa foutbòl li. Fwa sa, atakan fransè a fè yon chwa ki kreye presyon lakay kèk konkiran nan chanpyona Arabi a. Konsa tou, desizyon ak estrateji ble yo, fè plizyè moun fache paske Karim rejwenn Al Hilal ki se youn nan meyè klèb SPL la genyen.


Aprè ansyen madrilèn lan fin fè wout sa, li rive nan moman pou l afwonte ansyen klèb li, Al-Ittihad nan match ki konte pou 22èm jounen Saudi Pro League la.

Rankont sa ki ap jwe nan Kingdom Arena samdi 21 fevriye an, kapab vini twazyèm match fransè a sou koulè nouvo klèb li Al-Hilal.

Pou premye match Benzema avèk lidè SPL la, li te fè 3 gòl ak bay yon pas gòl nan viktwa 6-0 Al Hilal te fè kont Al-Okhdood. Nan dezyèm match li, atakan an pa t rive jwenn wout kan an malgre klèb li a te genyen Al-Etttifaq 2-0.

Konsènan 2 jeyan sawoudyen yo, sou senk dènye toke kòn yo fè, se 3 viktwa pou Al Hilal kont 2 pou Al Ittihad.

Èske l pral frape kont ansyen ekip li ? Repons aprè match chòk sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou