ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

CR7 asiste ak yon bèl moman pou Al Nassr ki ap defann tit SPL la

imaj atik la

16 dawout 2026   Neuvième Junior   1097

Nan premye jounen SPL la, Al Nassr kòmanse defann tit li a avèk yon bèl viktwa 3-0 kont Al Fateh pou sezon 2026-2027 la. Match sa te jwe nan dat 15 dawout 2026 lan nan Al-Awwal Park ki sitiye l nan Riyadh. Premye sòti chanpyon yo fèt an prezans CR7 ki t ap asiste nan tribin lan.


Nan premye jounen SPL la, Al Nassr kòmanse defann tit li a avèk yon bèl viktwa 3-0 kont Al Fateh pou sezon 2026-2027 la. Match sa te jwe nan dat 15 dawout 2026 lan nan Al-Awwal Park ki sitiye l nan Riyadh. Premye sòti chanpyon yo fèt an prezans CR7 ki t ap asiste nan tribin lan.

Avèk premye sòti chanpyon an tit yo, nou kapab remake bèl demaraj chanpyon Arabi Sawoudit yo ki fè yon 3 pwen enpòtan padan yo make 3 gòl san pran youn ditou. Eksplwa jòn e ble yo fè a, mete Al Nassr nan tèt klasman an aprè premye jounen sa.

Yon viktwa san Cristiano Ronaldo

Youn nan gwo pwen match la, se absans Cristiano Ronaldo. Kapitèn Al Nassr la pa t patisipe nan rankont lan, men ekip la te montre li gen ase pwofondè pou l jwenn rezilta menm san vedèt pòtigè a. Ronaldo ki pa t sou tèren an te prezan nan tribin lan pou suiv ekip li a.

Samu Costa fè diferans lan

Nouvo rekri pòtigè a, Samu Costa te antre kòm ranplasan epi te pran sèlman kèk minit pou l make premye gòl li pou Al Nassr. Gras ak sa, li montre yon premye mach trè ankourajan, li ki fèk soti nan Mallorca.

Ange Postecoglou kòmanse byen

Kote antrenè a, se yon bon premye pa pou Ange Postecoglou, nouvo antrenè Al Nassr la. Sou lòd li, ekip la te montre disiplin, efikasite devan gòl la epi li te fini match la san pran okenn gòl.

Pou fini, Al Nassr pa bezwen Ronaldo pou kòmanse fò!

3-0 kont Al Fateh, 3 pwen nan pòch, 0 gòl pran epi premye plas nan klasman an. Ange Postecoglou voye yon premye gwo mesaj, pandan Samu Costa montre li kapab youn nan nouvo zam ekip la. Men si Al Nassr deja konsa san Ronaldo, kesyon k ap poze a se; kisa ekip sa pral fè lè CR7 retounen?

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )