ARABISaudiProLeagueArabCupSaudiCupLòt
AKÈY ARABI SaudiProLeague

SaudiProLeague

Al Hilal demare sezon an ak yon leson foutbòl

imaj atik la

16 dawout 2026   Neuvième Junior   1010

Al Hilal demare sezon 2026-2027 la, avèk yon viktwa 4-2 sou Al-Faisaly, vandredi 14 dawout 2026 la nan Kingdom Arena. Rankont sila antre nan kad match premye jounen Saudi Pro League la ki kòmanse yon nouvo sezon.


Al Hilal demare sezon 2026-2027 la, avèk yon viktwa 4-2 sou Al-Faisaly, vandredi 14 dawout 2026 la nan Kingdom Arena. Rankont sila antre nan kad match premye jounen Saudi Pro League la ki kòmanse yon nouvo sezon.

Pou premye sòti klèb Al Hilal la, li rive pran 3 premye pwen li yo nan chanpyona a, epi antre nan sezon an avèk yon bon siy anba direksyon antrenè italyen an Simone Inzaghi.

Yon Al Hilal ki te montre fòs li.

Al Hilal te antre nan match la avèk yon apwòch trè ofansif. Ekip la ki te rate tit sezon pase a, kreye presyon epi chèche kontwole rankont lan depi kòmansman match la.

Men advèsè a ki se Al-Faisaly, pa t rann match la fasil pou pwoteje Inzaghi yo. E malgre Al Hilal te pran avantaj nan match la, ekip vizitè a te rive mete presyon epi make 2 gòl, sa ki te fè fen match la vin pi enteresan.

Poutan, eksperyans ak kalite Al Hilal te pèmèt ble yo fè diferans lan ak yon eskò 4-2, pou yon viktwa ki bay ekip la konfyans pou kòmansman sezon an.

Finalman, Al Hilal voye premye gwo mesaj li nan sezon an! 4 gòl, 3 pwen, men defans lan toujou gen kèk kesyon pou reponn aprè premye match sa. Inzaghi kote pal, kòmanse sezon an nan chanpyona Arabi a, ak yon viktwa ki bay anpil espwa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )