ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ PremierLeague

PremierLeague

Manchester City pèdi yon jwè enpòtan pou kòmansman sezon an

imaj atik la

18 dawou 2026   Benswilkenson Jean   536

Klèb anglè a Manchester City pèdi atakan bèlj yo a Jeremy Doku pou kòmansman Premier League la.


Cityzens yo pran yon gwo frap pou kòmansman sezon an. Non sèlman yo pèdi antrenè mitik yo a Pep Guardiola, epi yo pèdi premye twofe yo nan sezon an, men tou yo pèdi yon gwo jwè nan efektif yo a.

Jèn atakan 22 lane, entènasyonal bèlj la Jeremy Doku te blese nan final Community Shield la fas Arsenal (0-3). Manchester City ap gen pou demare sezon l nan Premier League la fas ekip Bournemooth la, men se pral san jèn elye yo a ki blese nan molè goch li.

Jwè a ki deja montre feblès fizik depi nan Mondyal la pral oblije pran yon kantite jou repo pou li ka retounen nan fòm li pou rès sezon an. Sa ki ap enpòtan anpil pou plan taktik nouvo antrenè a Enzo Maresca.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )