Fè yon pi bèl eksperyans sou platfòm GolAyiti a. Aplikasyon mobil nou an pi rapid, pi fasil pou itilize epi li gen jwèt sou li ak enfòmasyon sou lejand Ayisyen yo ak klèb lokal yo.
Nan kad preparasyon pou de pwochen match eliminatwa CONCACAF pou Mondyal feminen 2027 lan, Batcheba Louis absan nan lis 24 jwez Pia Sundhage konvoke pou rasanbleman sa k ap fèt nan lakou Gwadloup.
Atakan Birmingham City an ki se yon abitye nan ekip nasyonal la depi plis pase 10 lane, se prensipal absan rasanbleman sa k ap sèvi pou prepare match Grenadye yo ap gen pou jwe demen jedi an kont Angiya epi fas Repiblik dominikèn 17 avril k ap vini la.
Daprè enfòmasyon ki disponib jiskaprezan, absans Batcheba Louis nan rasanbleman sa se ta akoz kèk pwoblèm pèsonèl jwez lan ta pwofite jere pandan trèv entènasyonal sa.
Avèk seleksyon ayisyèn lan, Batcheba Louis se meyè bitè listwa Grenadye yo parmi jwez k ap jwe yo. Pia Sundhage pral konpanse absans sa avèk Brittany Raphino ki se youn nan nouvo ki rive nan seleksyon an.
N ap note, seleksyon ayisyèn lan pa gen prezans Dayana Pierre-Louis, Melchie Dumornay epi Kéthna Louis ki pa rejwenn rasanbleman ekip nasyonal la nan Gozye pou divès rezon.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou